Ki fèt 21 mas 1943 an Ayiti, pi presizeman nan vil Laskawobas. Li se grameryen, linguis ak defansè lang kreyòl Ayisyen an.
Aprè etid klasik li nan kolèj Jean-Marie Guilloux ak "Petit Séminaire Collège Saint-Martial", Pierre Vernet koumanse ansenye grèk ak laten nan Centre d’Études Secondaires" Pòtoprens. Aprè kèk tan li vin pati nan peyi Etazini, pou pwoteje tèt li kont rejim diktati Duvalier a. Li viv kay tonton Sam pandan yon peryòd 7 lane. Kèk tan aprè, malgre enplikasyon li avèk angajman li nan divès sendika travayè ayisyen nan peyi Etazini, li te deside antre nan vil Pari, (Peyi Lafrans, nan lane 1967), kote li te pwofite etidye lenguistik, sikoloji ak syans edikasyon nan Sòbòn.
Nan lane 1976, li antre nan misyon an Ayiti pou reyalize ti diksyonè kreyòl/fransè, ki se youn nan premye avanse nan nòmalizasyon kreyòl Ayisyen an. Li soutni Doktora lenguistik li nan lane 1977 sou "ANALIZ LENGUISTIK KREYÒL AYISYEN AN" (mansyon trè byen ak anpil felisitasyon).
Avèk lenguis Alain Bentolila li kontinye kolabore kòm asistan nan Sòbòn, epi deside retounen definifman nan peyi li Ayiti nan lane 1977, malgre anpil perèz li te genyen parapò avèk rejim diktati Baby Doc la ki te kontinye pat twò danse kole avèk entèlektyèl epòk la.
Pierre Vernet mouri 12 janvye 2010.
REYALIZASYON
Nan lane 1978 li fonde an kolaborasyon, ak AUPELF "ki vini kounya "Agence Universitaire de la Francophonie(AUF)", Sant lenguistik aplike Pòtoprens. Sant sila a pral vini "Fakillte Lenguistik Aplike Inivèsite Leta D'Ayiti. Li rete Dwayen Fakilte sila a jiskaske li mouri.
Nan ane 1990 yo, li te patisipe nan premye akò koperasyon tèminolenguistik ant Kebèk ak Ayiti. Li kolabore tou avèk (Groupe d’Études et de Recherches en Espace Créole et Francophone), epi li echanje avèk yon ansanm lenguis gwadloupeyen, giyanè, matinikè ak Seychelwa.
Pierre Vernet ak zanmi l Pradel Pompilus te kwè nan yon veritab bilenguism pou peyi a.
Pierre Vernet te bay tèt li pou misyon kontinye travay sou tras premye kreyolis ayisyen an, Pradel Pompilus. Li te travay anpil sou pwoblèm kreyòl la avèk koze pedagojik yo. Entwodiksyon kreyòl la nan sistèm eskolè Ayisyen an se youn nan egzanp yo. Aspè sila a se youn nan fondman refòm Bernard la, nan lane 1987, ki te swete keryolize ansèyman primè Ayisyen an totalman.
Posté à 2 déc. 2021