Ki fèt yon 17 septanm 1931. Li fè etid segondè li nan "Petit Séminaire collège Saint-Martial" pòtoprens. Epi rapouswiv etid siperyè filozofi li nan Inivèsite Bordeaux, ak teyoloji avèk manm "Congrégation du Saint-Esprit". Kèk tan aprè li antre nan òd relijye epi vini prèt katolik ak jezwit.
Nan lane 1956, Jean-Claude Bajeux enstale li nan peyi Kameroun, kote li t ap ansenye filozofi epi redaktè an chèf yon magazin pro-endepandan.
Kameroun vin jwenn endependans li nan lane 1960. Yon lane aprè, an 1961, Jean-Claude Bajeux retounen pòtoprens epi kòmanse ansenye filozofi nan "Petit Séminaire Collège Saint-Martial". Li te pwofite dirije revi "Rond-Point" epi an menm tan li te jwe wòl bibliyotekè nan yon bibliotèk pou timoun ki te espesyalize nan koze literati jenès.
Nan lane 1964, François Duvalier bat chal bare dèyè òd jezwit yo nan peyi a. Jean-Claude Bajeux pwofite mande a konfrè li yo pou siyen yon lèt pwotestasyon, men evèk ki te an tèt li a rive denonse li bay gouvennman an, Duvalier pwofite ekzile li. Pandan tan ekzil sila a, Jean Claude Bajeux enstale li Sen-Domeng, kote li pwofite kòmanse ministè li bò kote yon ansanm Ayisyen ki te ekzile. Menm ane a, Tonton makout anlve manman li, avèk 2 sè plis 2 frè li te kite lakay li. Yo tout rive rann nanm yo kèk jou aprè nan prizon fò dimanch.
Nan lane 1965, Jean Claude Bajeux rantre nan peyi Meksik, nan vil "Cuernavaca" kote li te pwofite antreprann yon ansanm rechèch sou istwa Amerik latin.
Nan lane 1967, li vini pwofesè literati konpare ak literati antiyè nan Inivèsite Pòtoriko, nan vil "San Juan". Li okipe pòs sila a rive jis nan lane 1992.
Nan lane 1977, li rive fè yon Doktora nan lang womàn ak literati nan Inivèsite "Princeton",
Tèz li a te gen pou tit : "la Poésie des Caraïbes noir."
Nan peryòd tan li fè an ekzil yo, Jean-Claude Bajeux te toujou rete yon militan aktif ki pat sispann mennen lit pou dwa moun respekte nan peyi D'Ayiti. Li te menm rive reyalize yon rapò-ankèt sou zak asasinay 13 militan mouvman anti-diktatoryal "Jeune Haïti", yo, nan lane 1964.
An 1979, li fonde Sant Ekimenik Dwa Moun nan Sen-Domeng, epi soutni aksyon politik Leslie Manigat kont diktati rejim Duvalier a.
Nan lane 1986, aprè Diktatè Jean-Claude Duvalier fin pati an ekzil, Jean-Claude Bajeux retounen Ayiti. Kèk tan aprè, li antre nan pati KONAKOM, ki se yon pati politik sosyalis modere, jiskaske li vin lidè prensipal pati a nan lane 1989. Li patisipe tou nan elaborasyon konstitisyon 1987 la.
Jean-Claude Bajeux te responsab òganize manifestasyon kont rejim militè Henri Namphy a epi kont Williams Régala avèk Roger Lafontant, ansyen minis enteryè sou Duvalier, ki te swete retounen Ayiti. Kèk tan aprè, Jean-Claude Bajeux vini yon patizan mouvman pro-democratik Jean-Bertrand Aristide.
Aristide eli prezidan nan lane 1990, epi ekzile yon lane aprè yon koudeta militè. Pandan moman sa a, Jean-Claude Bajeux rete Ayiti, kote l kontinye ak pledwaye pou dwa moun lan avèk tradiksyon premye konstitisyon ki te nan 2 lang peyi a : (kreyòl ak fransè).
Nan lane 1994, aprè Aristide retounen sou pouvwa a, Jean-Claude Bajeux rive nome minis kilti 1994-1996.
Nan lane 1997, Jean-Claude Bajeux pibliye yon liv pwezi ki titre : "Textures" ; an 1999, li pibliye yon antholoji nan 2 lang peyi a (kreyòl ak fransè) sou literati kreyòl Mosochwazi Pawol Ki Ekri An Kreyòl Ayisyen, Antholoji literati kreyòl ayisyen. Li edite lòt liv tankou : "Antilia retrouvée : Claude McKay, Luis Palès Matos, Aimé Césaire, powèt nwa antiyè, 1992.
An 2002, li resevwa Pri Dwa Moun Repiblik Fransèz. Nan lane 2009, Prezidan René Préval nome li prezidant komisyon ki la pou revize konstitisyon an.
Jean-Claude Bajeux mouri 5 Out 2011 lakay li, nan Pòtoprens.
Posté à 11 nov. 2021