Plòtòp plòtòp ! Li pare pou vole nan figi ki twouve yo twò pre l lè l ap konsonmen. Plòp plòp ! Madanm nan mete tout fòs li sou kiyè bwa a pou li fè mayi moulen ak pwa wouj la kite gwo kòlèt. Lakizin lan te santi bon, avèk lodè yon sòs tonbe kabrit byen kole.
Lakou a te trankil depi douvanjou. Yon tifi ap miyonnen Minou, chat kay la. Yon tigason menm ap monte yon bogi. Tan an pase vit lè lavi bèl. Ti mesyedam yo t ap fè tan pase. Yo t ap chache bay lavi degrenngòch malatchyong sa a lòt koulè. Yo t ap mete linèt lespwa pou eseye kenbe rèv yo nan lago deli a. Yo t ap kreye anmizman pou tann manje a pare. Se toujou konsa lè chodyè monte kote move lavi ap balewouze.
Bridsoukou, yon men nou pat ka wè pran souke tab kat pikèt la. Sòs la chavire.
– Manman, men kay la ap tonbe ! Kouri. Rèl. Chante. Priye. Tout moun, tout bagay tonbe danse san mizik. Yon dans ki pa vle kanpe. Yon pwogram manchlong. Yon bal. Non, yon jèn. Yon jèn ki tanmen nan madi alanjelis. Li pral bout, nou pa konn jis kilè. Petèt lè ti poul fè dan ? Tout moun tonbe jene. Manje a tou pa manje.
Si ap gen dòmi aswè a, se nan lakou a. Madanm nan site dènye priyè li anvan li antre anndan kay la. Li sòti ak dra, zòrye, yon ti galon dlo, yon ti lanp tou kanni. Bòbèch la pati yon bò. Li te tonbe epi yon ti bifèt tonbe sou li. Pou di se priyè a ki fè l pa kraze ? Timoun yo pa konprann anyen. Yo twouble. Madanm nan pa t ka jwenn repons pou tout kesyon yo. Si se te jodi a, li t ap sèlman di « timoun, se goudougoudou k ap pase tande ! ».
Fernide RENÉ
Posté à 1 nov. 2021